Press Release
| For Immediate Release April 26, 2005 |
Contact: Drew Hammill 202-225-4506 |
Meek fèk Retounnen de Ayiti
Depite a di ki fòk yo ranje pwoblem sekirite nan preparasyon pou eleksyon tale ane sa a.
MIAMI, FL – Depite Kendrick B. Meek te ale ayiti samdi pase, 23 avril 2005, avek Jeneral Bantz J. Craddock, chèf de komand ameriken de sid la nan Miyami, pou gade sitityasyon sekirite nan peyi a epi lòt proje konswiksyon de milite nan nodwès.
“Pwoblem yo ki inondasyon yo de lane 2004 te koze rete nan Gonayiv toujou,” Meek te di. Milite nou isit la nan ayiti ki pa yon pati de fòs nasyon unis, menm yo ap fè bon travay ap konstwi strikti kritik epi sevis yo nan gonayiv vit. “
Anbasad ameriken, James B. Foley, te rankonte Depite Meek nan potoprens epi ansamn yo te ale gonayiv, yon vil nan depatman artibonite. Meek te visite Camp Eagle, yon kote milite ameriken ki ap jere efò konstriksyon nan an zòn sa a, avek yon lopital epi lekol nan gonayiv ki milite a te konstri. Nan lopital la Meek te visite, milite ameriken nan ap fourni sevis sante ak 2.000 ayisyen chak jou.
“Anbasad Foley te di ki gen anpil pwoblem sekirite nan peyi a epi li kle ki yo pose yon gwo pwoblem pa nasyon unis la,” Meek te di. “Fòk nou ranje pwoblem sekirite sa yo nan preparasyon pou eleksyon tale ane sa a.”
Depite Meek se yon manm nan Komite nan Zafè Militè nan Lachanm Depite a (U.S. House Armed Services Committee) ansanm ak Komite sou Sekirite Nasyonal nan Lachanm Depite a (House Committee on Homeland Security). Sa se katryeme fwa Depite Meek te ale ayiti depi li te elekte nan Lachanm Depite nan lane 2002.





















