Press Release
| For Immediate Release December 16, 2005 |
Contact: Drew Hammill 202-225-4506 |
Repiblikan yo te Bare Amendman Meek ki Ede Imigre Ayisyen
Amendman Meek pou Pote Akt Amelyorasyon HRIFA a nan Lacham Depite te Bare pa Republikan-Kontwole Komite Reg
WASHINGTON, DC – Yon amendman pa Depite Kendrick B. Meek ki ta mèt depite yo vote sou jis lejislasyon ayisyen nan Lacham Depite te bare maten an pa yon vote nan Repiblikan-Kontwole Lacham Komite Reg.
Meek te ofwi Akt Amelyorasyon HRIFA de 2005 (H.R. 3658) tankou yon amendman sou H.R. 4437, Akt pou Kontwole Pwoteksyon Fwontye, Opoze Teworis, epi Imigrasyon pa legal de 2005 mekredi nan Lacham Komite Reg. Amendman Meek ta fèmen trou ki egziste nan lwa imigrasyon ki, nan jan erè, bare kèk ayisyen trouve stati rezidans fiks nan etazini anba premye HRIFA. Amendman an te rate nan Komite Reg pa yon vòt de 8 pa 5, avek tout Demokrat sipote amendman an epi selma yon Republikan, Depite Lincoln Diaz-Balart, ap vote pou li.
“Amendman mwen ta komplete travay la ki te komanse pa akt HRIFA orijinal,” Meek te di. “Le yo pat vote sou akt sa a, Republikan sa yo ap separe paran pa timoun epi depote Ayisyen-Ameriken ki te abite isit pou anpil ane.”
Nan lane 1998, Kongre te pase Akt la Amelyorasyon Jis pou Refigye Imigran Ayisyan yo (HRIFA), ki bay opotinite pou anpil aysyen chanje stati imigran epi vin rezidan legal apre yo te chape koudeta a 1991 an ayiti. Plis pase 40.000 ayisyen te aplike pou solajman anba lwa sa a.
“M vle fè li posib pou tout ayisyen ki elijib pou pran advantaj de pwovisyon sa yo andan akt orijinal la,” Meek te di. “Amendman mwen ta ofwi treteman ekitab epi kenbe fanmi yo ansamn.”
Lejislasyon Meek ta ranje pwoblem sa yo ki ayisyen ki ap aplike pou solajman anba HRIFA fòk yo fè figi. Yon pwoblem enpotan afekte ti moun ki te aplike pou benefis HRIFA kom yon minè, menm depi lè sa a te vini 21an epi rive granmoun – li rele “aging out” – paske gouvènman an te prann twop tan pou swiv reg yo epi pwoses aplikasyon sa yo.
Akt Amelyorasyon HRIFA ta kouvri preske tout ayisyen ki te rive nan etazini pa avyon menm te bezwen itilize paspò fo paske gouvènman ayisyen refize bay nouvo paspò.
Lejislasyon tou ta bare gouvènman ameriken depote nènpot ayisyen avek yon aplikasyon HRIFA ki yo ap konsidere, epi fè li nesesè ki gouvènman an ouvre epi konsidere anko aplikasyon pou chanje stati anba HRIFA ki egziste deja epi afekte pa pwovisyon sa yo andan lejislasyon Meek.
“M vle remesi Depite Alcee Hastings epi Lincoln Diaz-Balart pou sipote amendman mwen nan Komite Reg,” Meek te di. “Mwen gade devann pou kontinye travay ave yo nan fason bipati pou pase Akt Amelyorasyon HRIFA nan Kongre 109yem.”
HRIFA orijinal la te fè li posib pou moun spesifik ki te abite nan ozetazini sou 31 desam 1995 pou vin rezidan ameriken fiks epi legal sans premye demande yon visa imigran nan konsula ameriken lòt bo a.
Depite Meek se yon manb nan Komite nan Zafè Militè nan Lachanm Depite a (U.S. House Armed Services Committee) ansanm ak Komite sou Sekirite Nasyonal nan Lachanm Depite a (House Committee on Homeland Security).





















